top of page
  • Black Facebook Icon
  • Black Twitter Icon
  • Black YouTube Icon
  • Black Instagram Icon
Search

Aprann bay priyorite ak sa ki ap itil nou!!

  • Wesberge Guillaume
  • Aug 4, 2020
  • 2 min read

ree

Anpil jèn fi jije ke li nòmal pou yo depanse 100$ us rive 500$ chak mwa lan studio pou fè cheve, zong, sousi, fasyal, ekstansyon etc... yon fason pou kenbe freshè yo ak jere bèl yo pandan ke anpil lan yo pap leve ni lou ni lejè e kanè bank yo vid (si yo genyen).


Yo mennen vi yo tankou "stars Hollywoodiennes", nouvo grèf, nouvo peruk, akrilik etc... chak mwa. Paske pou yo se sak lavi, demen pa konte e yo plis kwè lan bote fizik ak aparans. Yo tout ap reve de yon vi luks men yo pap fè sakrifis pou sa. Anpil lan yo mete lan tèt yo ke bote yo sifi pou fè gason mache, yo ap abize sou non lanmou.


Sa yo pa konprann se ke men ki ap bay jodia pap toujou la. Moun ki kab bay 200$ jodia kab pa gen mwayen pou bay demen paske vi a gen wo ak ba ladann. Li dekourajan pou yon nèg gen yon fi ki ap fèl egzijans pou vanite, bay bill a goch a dwat pandan li pap fè anyen. Jere bèl la enpòtan paske sosyete egzije nou sa men nou kab toujou bèl pandan ke nou senp men,lè nou jwenn yon moun kap ede’n panse ak demen. Fè chwa ki ap ede nou ekonomize,pwofite de sa pou kreye yon aktivite ki rantab e ki ap itil nou olye nou pran plezi l’an fè eksè ak depans pou vanite.Envesti lan edikasyon nou,pa mete espwa’n sou tonton nwèl (gason).Kwè pito lan sa nou kab ofri tèt nou sinon pi devan, se regrè ak foto souvni ki ap rete’n.

#No grèf #No fo zong #San pil makiyaj. Senp senp!!!


Wesberge Guillaume

 
 
 

Comments


Stay Updated with New Videos

Thanks for submitting!

© 2023 By MB. Proudly created by WIX.COM 

bottom of page